top of page

KESYON REPONS (KESpons)

Paj sa-a rezève spesyalman pou afiche repons tout Ayisyen konsekan nou yo ki vle e ki prè pou yo ini yo nan sèl lide pou yo al rebati peyi yo. Repons chak moun yo se yon prèv ke yo kwè ke se yo ki dwe e ki ka ranje peyi yo.

Repons chak moun yo se yon mesaj klè ki di wo e fò "Ayisyen twòp pale, an nou travay".

An nou gade kesyon ki poze yo ak repons ke chak moun yo bay.

Pa bliye ke "se nan tèt ansanm fòs nou ye".

-Eske’w kwè ke youn nan fason nou ka ede Ayiti tout bon vre, se fè Ayisyen ini yo?

-Eske’w vle met tèt ansanm ak lòt frè ak sè nou yo ki vle menm bagay la?

Repons:
Jiy
è 2024

1

Aprè tout bèl analiz anpil moun sensè lan kominote a fin ofri nou sou ki jan nou fè rive la a, aprè obsèvasyon anpil modèl ki bay bon rezilta, aprè anpil konsiderasyon sou sa kap bon pou Ayiti, lan memwa tout zansèt nou yo, lan memwa tout frè ak sè nou ki bay vi yo lan lit pou sa chanje, jodia-a sa Fòs Ayiti 2054 pwopoze a, se youn lan demach ki pi solid ke nou ka ofri Ayiti.​

Rosiny Bauzil, Ing.

2

Mwen panse li enpòtan pou nou ini nou sou sèl bagay Ayisyen gen ankomen “C Ayiti”.

​

Carole Démesmin

3

Nan twou Ayiti ye la pa gen wout pa bwa pou retirel nan kalamite sa. Se sèl Ayisyen ki ka fèl nan kole zèpol. Lè nou wè gen kèk gren Ayisyen lakay kou lòt bò dlo konpran sa , GEN LESPWA ! Se pou san mwen vle ankouraje e enplikem net al kole nan FOS AYITI.

Dr. Armel Démorcy

4

Wi tèt ansanm se youn nan pi gwo kle ki ka chanje nenpòt bagay ki tap mal fonksyone paske kote ki gen tèt ansanm gen lanmou e lanmou ka fèw reyalize nan yon ti kras tan saw pat panse. Wi, mwen vle, paskem konnen Ayiti ka chanje, toujou obtimis.

Nervely Jean Charles

5

Wi, mwen panse se yon bon bagay.

​

Lucie Auguste

6

Ansanm ansanm Ayiti otonòm. Ayiti gen resous malgre tou. Ann fèl tankou chinwa yo, envesti nan moun.

 

Stevenson Julmé

7

Mwen vrèman kontan pou gro inisyativ sa Fòs Ayiti anbrase a ki se “L’union fait la force”. Gen anpil esplwa nou pa rive fè se paske nou manke ini nou. Si nou wè a klè ki rezilta lè nap viv nan chen manje chen bay. Mezanmi an nou eseye lòt bò meday la, an nou mete tèt nou ansanm pou fè Ayiti tounen yon lòt fwa ankò”La perle des Antilles”. Wi mwen kwè sa posib.

Verlene Rebecca Desrosiers

8

Inisyativ la se yon bèl inisyativ, men problem nou antan ke Ayisyen nou pa konnen idantite nou, menm istwa nou nou pa konnen nou pa kònn kilti nou. Inite-a ap bon wi men li pap ka fèt nan mond pa nèg yo, inite ap fèt nan nouvo mond la, lè sa-a tout Ayisyen pral chita pou’n defini yon patri.

Patrick Lafleur

9

Pa gen lòt rout, nou dwe ini nou.

​

Gerard Olivier

10

Wi, an-n mete fòs pou-n chanje figi ayiti nou renmen an.

Jean Elie Raphael

11

Yon voyaj sou yon distans de 5000 km komanse toujou avek yon pwemye pa. Si chak jou nou fe yon pa nap fini pa rive kote nou vle ale a. Fosayiti2054 komanse jodia en 2024 e nou kwe ke an 2054 si nou tout pouse deye lide sa nap fe yon gran pa nan bòn direksyon an . Soutni mouvman sa ak finans nou ak lide nou e ak fos nou. Tankou pwoveb kreyol la di: Yon sel dwet pa manje kalalou.

Jean Ronald C.

12

Se sèl inyon tèt ansanm ki ka pote yon vrè chairman nan peyi Ayiti. An nou ini fòs nou San blòf . Men sonje sa : toujou gen trèt veye yo e bare yo larout.

Wilker Charles

13

Depi ti kònkònm tap goumen ak berejèn Ayisyen ap di se tèt ansanm ki pou chanje peyi nou. Jis jodi ya nou pa janm rive fè anyen paske pat janm gen moun ki dakò fè sacrifis pou fè rèv sa-a tounen reyalite. Pliske se nan tèt ansanm fòs nou ye FÒS AYITI 2054 diw li se SOLISYON an. An nou ale ansanm. 

Hilaire Exantus

14

GEN LESPWA !

FÒS AYITI 2054

15

GEN LESPWA !

FÒS AYITI 2054

bottom of page