Eske-w konnen ke reyalizasyon "Kanal Dinyite" Wanament la se pi gwo egzanp inite ki pi resan nan listwa peyi dayiti? Nou sipoze kontinye ak bon egzanp sa-a poun al ranje peyi nou. Nap sèvi ak sa pou nou sèvi, nap ranje, e nap jete sa pou nou jete nan egzanp "Kanal Dinyite" a.
Nou wè ke tèt ansanm nan fèt e li ba nou "Kanal Dinyite" a ki se fòs kouraj, detèminasyon, ak sipò tout Ayisyen yon fason ou yon lòt. An-n al fè plis toujou tankou: bati lekòl, sant sante, envesti nan agrikilti ak sekirite, eksetera. Pou nou ka rive fè sa yo, nap bezwen konsantre tout fòs nou sou 2 prensip de baz sa yo ki se:
1) mete tèt nou ansanm e
2) òganize nou poun ka jwen-n meyè solisyon yo pou peyi a.
Donk, an nou tout ranpli ti sondaj sa-a pou erè ki te fèt nan "Kanal Dinyite" yo pa repete ankò lè nou pral vrèman aplike 2 prensip de baz sa yo ki konfime ke "se nan tèt ansanm fòs nou reyèlman ye."